Ayiti Cheri

From Wikisource
Jump to navigation Jump to search
Ayiti Cheri  (1920) 
Othello Bayard (1885-1971)

Ayiti cheri pi bon peyi pase ou nanpwen
Fòk mwen te kite w pou mwen te kapab konprann valè w
Fòk mwen te lese w pou m te k ap apresye w
Pou m santi vrèman tout sa ou te ye pou mwen
Gen bon solèy bon rivyè e bon brevaj
Anba pyebwa ou toujou jwenn bon lonbraj
Gen bon ti van ki bannou bon ti frechè
Ayiti Toma se yon peyi ki mè chè

Lè w lan peyi blan ou gen yon vye frèt ki pa janm bon
E tout lajounen ou oblije ap boule chabon
Ou pakab wè klè otan syèl la andèy
E pandan si mwa tout pyebwa pa genyen fèy
Lan peyi mwen gen solèy pou bay chalè
Diran lane tout pyebwa ap bay lonbraj
Bon briz de mè toujou soufle sou nos plaj
Ayiti Toma se yon peyi ki mè chè

Kon w lan peyi blan ou wè tout figi yon sèl koulè
Lanpwen milatrès bèl marabou, bèl grifonn kreyòl
Ki renmen bèl wòb bon poud e bon odè
Ni bèl jenn nègès ki konn di bon ti pawòl
Lan peyi mwen lè tout bèl moun si la yo
Sòti lan mès ou sòti lan sinema
Se pou gade se pou rete dyòl lolo
A la bon peyi se ti Dayiti Toma!

Lè w lan peyi blan ou pa wè mango ni kòk di tou
Lanpwen sapoti ni bèl kayimit vèt ou vyolèt
Lanpwen zanana ni bèl ti pòm kajou
Ki ban nou bon nwa pou nou fè bon ti tablèt
Ou jwenn zoranj ki sòti an Itali
Men ki fennen ki toujou mwatye pouri
An Ayiti sa si bon se koupe dwèt
E sou se rapò nou bay tout peyi payèt

Lè w lan peyi mwen kote ou pase tout lon chemen
Se bonjou konpè e makomè e pitit la yo?
Sa n pa wè konsa manyen rantre ti bren
Pou n bwa ti kichòy pou nou jwe de ti kout zo.
Fin bay lan men se rantre lan gran pale
Se politik se movèz sitiyasyon
Sa pou nou fè se pou nou pran li kou l ye
Men bon Dye si bon la ban nou benediksyon

Lè w ou lan peyi blan ou pè pwomennen nuit tankou jou
Tout moun pè mache prese prese wa di se chen fou
Kote yo prale pouki y ap kouri konsa?
Yo pè pèdi tan yo pa janm di: kouman sa?
Lan peyi mwen moun pa rete avèk lè
Genyen libète ou gen tan pou pran frechè
Kote ou pase se bonjou se bay lan men
Moun pa janm prese yo koze tout lon chemen

Lè w an Ayiti ou pa janm manke tan pou soufle
Sak pa fèt jodi ou k ap fè li demen si ou vle
Kan demen rive ke l bon ou kel pa bon
Sa pa fè anyen tout moun konn di bon dye bon.
An Ayiti moun pa janm dezespere
Nou gen la fwa lan yon Dye ki pa janm manti
N ap fè jodi kan demen pa asire
A la bon peyi o mon Dye, se Ayiti!


This work is in the public domain in the United States because it was published before January 1, 1929.


The author died in 1971, so this work is also in the public domain in countries and areas where the copyright term is the author's life plus 50 years or less. This work may also be in the public domain in countries and areas with longer native copyright terms that apply the rule of the shorter term to foreign works.

Public domainPublic domainfalsefalse